Fè tranzaksyon san efò kèlkeswa kote ou ye. Retire tchotcho w fasil lè w fin vann epi fè retrè sou kont labank ou, MonCash, NatCash, elatriye. Rechaje kat debi vityèl Kripto, Visa osnon MasterCard ke OMNI Kredi ofri w yo pou w achte machandiz pou biznis ou a distans. Ak OMNI Kredi, ou ka:
Vann epi touche nan men nenpòt moun nan plis pase 145 peyi san pwoblèm.
Peye nenpòt lòt machann osnon lòt moun ki sou platfòm OMNI Kredi yo ak balans ou osnon liy kredi w.
Touche ak OMNI nan men itilizatè ki sou platfòm OMNI Kredi yo osnon pa kat Debi/Kredi ak lyen pèman OMNIPlus yo.
Konvèti OMNI w genyen sou platfòm yo epi jwenn lajan kash lè w vann OMNI w yo ak lòt itilizatè ki gen bezwen OMNI.
Fè retrè sou kont ou lè w vann OMNI w yo, oswa lè w *rechaje kat debi w, kripto w, Visa w oswa Mastercard ou.
Jwi jiska 3.5% OMNI Back ak lòt rekonpans lè w touche ak OMNI Kredi. Jwenn yon Store an liy *GRATIS tou.
Peye bòdwo ak dèt biznis ou yo atravè lemond san efò lè w itilize dirèkteman balans OMNI Kredi w osnon OMNIPlus.
Fè depo sou kat debi w, kredi w, osnon kat vityèl OMNI w lè w fin touche nan men kliyan w yo epi fè tranzaksyon ou.
Itilizatè reyèl nou yo pataje eksperyans yo fè globalman ak OMNI Kredi!
Pa kite biznis ou kraze akòz pwoblèm finans osnon move lavi. OMNI Kredi la pou ou epi ofri w 4 etap pou w jwenn kredi san enterè lè w se machann! Men kisa ou dwe fè pou w kalifye:
Enskri sou platfòm OMNI Kredi yo (tankou OMNIPlus) epi kreye yon kont pou biznis ou.
Pase pwosesis verifikasyon an pou sekirize kont ou ak biznis ou. Li pran 5 minit sèlman.
Touche osnon vann ak OMNI Kredi epi jwenn kredi pou ede biznis ou lè moman yo nwa.
Fè tranzaksyon souvan pou w ka jwenn kredi san peye okenn enterè lè w ranbouse a lè.
Swiv 4 etap sa yo pou w koumanse bati kredi biznis ou kòm machann sou platfòm OMNI Kredi yo:
Pou asire sekirite w ak sekirite tout itilizatè yo, ou dwe verifye idantite w lè w mete foto pa w, pyès pou idantifye w ak idantifye biznis ou.
Vann ak touche sou platfòm OMNI Kredi yo lè w kreye yon kont machann ak yon imel epi adrès ki konfime. Jere satisfaksyon kliyan w yo tou.
Pèsòn pap vin sove biznis ou pou ou lè moman yo nwa. Ou bezwen OK. Kidonk, fè plis tranzaksyon pou w ka jwenn plis kredi.
Tcheke nivo kredi biznis ou a nan aplikasyon OMNIPlus yo pou w ka konnen lè w kalifye pou w jwenn kredi, epi gade biznis ou kap grandi.
Nou bay repons pou kesyon yo poze souvan sou OMNI Kredi, tankou fason li fonksyone, kalifikasyon, frè, ak plis ankò. Seksyon sa yo kouvri plizyè aspè nan OMNI Kredi, OMNI, Kat Vityèl OMNI yo, OMNI Marketplace, OMNI BIZ, elatriye.
OMNI Kredi se yon platfòm mondyal pou konstwi kredi ki pa sèvi ak lajan tradisyonèl pou konstwi kredi. Olye de sa, itilizatè yo ka itilize OMNI, yon pwopriyete vityèl, pou fè tranzaksyon ak etabli kredi yo globalman. Li se yon sistèm kredi altènatif inovatè ki mache ak entèlijans atifisyèl, bay itilizatè yo yon UNIC (nimewo inik idantifikasyon pou kredi) ki disponib atravè lemond. Kontrèman ak sistèm kredi tradisyonèl ki depann sou lajan itilizatè yo genyen ki disponib ak nòt kredi yo, OMNI Kredi prezante yon apwòch revolisyonè kote plis ou itilize OMNI pou w fè tranzaksyon se plis entèlijans atifisyèl OMNI Kredi yo ap ede w bati kredi w.
Avèk OMNI Kredi, ou ka ouvri yon magazen kòm machann san frè sou platfòm kredi san enterè nou yo, ki pèmèt ou jere finans biznis ou avèk plis fleksibilite. Platfòm sa a ofri yon varyete de sèvis, ki gen ladan aksè nan liy kredi san enterè, sipò pou QR Code, aksepte pèman mondyal nan plis pase 145 peyi, ak anpil lòt avantaj ki ede optimize operasyon biznis ou epi bati kredi ou avèk tranzaksyon regilyè. Se yon opòtinite inik pou ou rantre nan ekosistèm OMNI Kredi a, benefisye de fasilite finansye OMNI Kredi ofri yo, epi elaji potansyèl finansye biznis ou.
Non, OMNI Kredi se pa yon lajan vityèl osnon kripte. Li se yon pwopriyete vityèl pou fasilite tranzaksyon w ak bati kredi w. Antanke itilizatè, ou ka achte OMNI pou w ka koumanse fè tranzaksyon. Ak balans OMNI w, ou ka fè tranzaksyon globalman. OMNI se pa yon lajan kripte.
Pou kòmanse, ou bezwen kreye yon kont itilizatè avan w vini yon machann. Aprèsa, kreye yon kont machann sou platfòm OMNI Kredi yo. Sa a se yon pwosesis senp kote ou ranpli kèk enfòmasyon debaz sou biznis ou. Apre ou fin kreye kont lan, ou dwe verifye idantite w. Pwosesis sa a asire ke tout machann sou platfòm lan se biznis lejitim, e li ede kenbe yon anviwònman sekirize pou tout itilizatè yo. Yon fwa idantite ou verifye, ou ka kòmanse fè tranzaksyon sou platfòm OMNI Kredi. Aksepte peman nan OMNI ak lòt metòd, epi kòmanse jere biznis ou avèk fasilite. Kòm ou kontinye fè tranzaksyon sou platfòm la, OMNI Kredi pral evalye pèfòmans finansye ou epi ofri ou aksè nan liy kredi san enterè. Jere kredi ou avèk responsablite pou bati yon bon istwa kredi pou biznis ou.đ 4 Etap Pou w Vin Machann! đ
Etap 1: Kreye yon kont Itilizatè epi Machann
Etap 2: Verifye idantite w
Etap 3: Koumanse fè tranzaksyon
Etap 4: Rete tann kredi pa w
Pou ouvri yon kont machann pou vann atravè OMNI Kredi, ou bezwen soumèt dokiman sa yo:
*Nou ofri sèvis ak notarye andedan app OMNI Kredi a tou. Kontakte nou si w bezwen sèvis sa.
Finalman, asire w ke tout dokiman ou yo ajou ak foto yo klè pou akselere pwosesis verifikasyon an. Li pran 24 a 48 èdtan pou kont lan aktive. Si w gen plis kesyon, pa ezite kontakte sèvis kliyan OMNI Kredi a.
Swiv etap sa yo pou verifye idantite w sou platfòm OMNI Kredi: Mete yon foto selfie ki klè. Mete yon foto klè paspò w oswa lisans chofè w. Mete yon foto do ID w. Si pyès la pa gen do, kite li vid. Mete yon selfie kote w kenbe ID w, lisans chofè, oswa paspò w. Mete yon foto yon bòdwo sèvis piblik oswa yon deklarasyon labank osnon resi transfè ki montre non w ak adrès ou. Ale nan "More", "Profile", "Update Profile", epi klike sou avatar foto a pou w mete yon foto nan pwofil ou. Finalman, asire w ke tout dokiman w yo ajou ak foto yo klè pou akselere pwosesis verifikasyon an. Pwosesis la pran 24 a 48 èdtan pou verifye idantite w konplètman. Si w gen plis kesyon, pa ezite kontakte sèvis kliyan OMNI Kredi a.Ou Dwe Verifye Idantite w Avan w Koumanse
Etap 1: Mete yon Selfie
Etap 2: Mete Foto Paspò/Lisans ou
Etap 3: Mete Foto Do Lisans/ID ou
Etap 4: Mete Selfie ak ID, Lisans oswa Paspò w
Etap 5: Mete Foto Prèv Adrès
Etap 6: Mete Foto w nan Pwofil
Lè w itilize OMNI Kredi pou aksepte pèman pa kat kredi oswa debi, frè tranzaksyon yo separe ant machann nan ak kliyan an. Si machann nan genyen OMNIPrime l'ap peye yon frè ki se 2.5% sou chak tranzaksyon. Si li pa manm, l ap peye 4.5%. Anplis de sa, kliyan an peye yon frè siplemantè ki se 4% sou valè total tranzaksyon an. Sa a pèmèt nou fasilman jere frè tranzaksyon yo pandan w ap ofri kliyan ou yo opsyon pou peye ak kat kredi oswa debi nan yon fason ki sekirize.
Lè w ap itilize OMNI QRPay, gen yon peryòd pwomosyonèl 24 mwa kote pa gen okenn frè tranzaksyon, se gratis nèt pou tout moun. Aprè peryòd pwomosyonèl la, frè yo chanje konsa:
Nan nenpòt ki sikonstans, OMNI QRPay ap toujou gratis pou kliyan yo, sa vle di kliyan ou yo pap peye okenn frè lè yo fè peman atravè OMNI QRPay.
Pou fè retrè lajan ou touche kòm machann ki an Ayiti, ou gen plizyè opsyon ki disponib:
Pou tarif yo, nou chaje Machann ki manm yo 2.5% e sila ki pa manm yo 4.5%. Se kliyan kap peye a ki peye taks ak frè pou tranzaksyon kat la.
Pou plis enfòmasyon, ou ka toujou kontakte nou nan app OMNIPlus la. Di nou nan ki peyi w ye epi n ap ba w fason ki pi fasil pou fè retrè lajan w.
Nou la pou n ede w!
Wi. đ
OU VLE JWENN LAJAN PRETE POU W GRANDI BIZNIS OU?
Touch nan men diaspora yo machandiz wap vann fanmiy yo ki Ayiti epi jwenn yon liy kredi pou biznis ou!
Avèk OMNIPlus, ou ka fasilman aksepte pèman nan yon pakèt platfòm tankou:
Kòmanse vann machandiz ou, touche nan men diaspora yo, epi jwenn liy kredi pou biznis ou ak OMNIPlus jodi a! đ
Ou ka vann depi sou magazen WhatsApp ou osnon nou ka kreye yon store pou ou gratis lè w genyen OMNIPrime.
Swiv etap sa yo pou kreye yon lyen pèman pou w ka touche sou kat Kredi/Debi a distans: Ouvri aplikasyon OMNI Kredi a epi ale nan seksyon "PayMe Link". Klike sou siy plis la ki anba a dwat la pou w kreye yon lyen pèman. Chwazi si se ou menm kap mete pri a osnon si se lòt itilizatè kap peye w la kap mete kantite a. Seleksyone ki kalite pwodui si se ou kap mete pri a. Mete yon foto pwodui a osnon yon logo sèvis la. Ekri non pwodui osnon sèvis la. Mete si w vle yon deskripsyon pou pwodui osnon sèvis la. Peze "Set Limit" si w vle limite ki kantite yo dwe peye w. Klike sou "Create New OMNI PayMe Link". Kopye lyen an epi voye li bay moun kap peye w la osnon poste li sou WhatsApp ou, Facebook, ak tout lòt kote wap vann.Etap 1: Ale nan PayMe Link
Etap 2: Klike sou siy plis la
Etap 3: Chwazi moun kap mete pri a
Etap 4: Seleksyone kalite pwodui
Etap 5: Mete yon foto pwodui a
Etap 6: Ekri non pwodui a
Etap 7: Deskripsyon pwodui a
Etap 8: Set Limit
Etap 9: Klike sou "Create New OMNI PayMe Link"
Swiv etap sa yo pou jere kredi biznis ou efektivman sou platfòm OMNI Kredi: Ouvri aplikasyon OMNIPlus la epi antre non itilizatè ak modpas ou pou w konekte nan kont ou. Aprè ou konekte, gade nan seksyon "Your OMNI Kredi Power" nan ekran prensipal la pou w wè ki kantite kredi ki debloke. Klike sou "Credits" epi prete selon rapò sou kapasite w pou w jwenn kredi pou w wè done sou fason w ap itilize kredi ou ak tout detèminan kredi ou yo. Asire w ke ou planifye ranbousman ou yo alè pou evite nenpòt chaj siplemantè ak pou w bati yon bon rapò kredi. Ou gen 72è tan aprè dat limit pou ranbouseman an avan sistèm nan koumanse chaje w penalite. Achte OMNI nan fon pa w pou w ka gen OMNI ki disponib lè w dwe remèt. Konsa tou, kontinye touche ak OMNI pou w asire w ke ou gen ase balans pou kouvri tranzaksyon ou yo ak ranbousman ou yo. Si w gen nenpòt kesyon oswa pwoblèm, pa ezite kontakte ekip sipò kliyan OMNI Kredi a pou asistans. Swiv etap sa yo pou w jere kredi biznis ou efektivman ak bati yon bon istwa kredi sou OMNI Kredi. Jere kredi ou byen se yon kle pou w asire siksè finansye biznis ou.Etap 1: Login nan kont ou
Etap 2: Verifye kapasite kredi w
Etap 3: Prete si w kalifye
Etap 4: Planifye ranbousman ou
Etap 5: Achte OMNI osnon vann kliyan sou kont ou
Etap 6: Kontakte sipò kliyan si ou bezwen èd
OMNI QRPay se yon lidè dijital nan solisyon kredi ki pèmèt itilizatè yo fè tranzaksyon lè l sèvi avèk liy kredi ki disponib yo lè yo eskane kòd QR OMNI yo sou aparèy mobil yo pou fè tranzaksyon.
Wi, OMNI QRPay genyen gwo mezi sekirite avanse pou pwoteje enfòmasyon pèman w yo. OMNI Kredi itilize pwotokòl chifreman ak metòd otantifikasyon an sekirite pou asire sekirite tranzaksyon ou yo.
Men kijan pou w touche ak OMNI QRPay kòm machann lè w ap itilize aplikasyon OMNIPlus. Ou menm ak itilizatè ki pral peye w la dwe tou de louvri aplikasyon OMNIPlus la sou telefòn mobil nou. Itilizatè a prale nan pati ki make "Scan" nan aplikasyon li a pou li ka eskane kòd QR ki parèt nan aplikasyon ou kòm machann nan. Ou dwe louvri aplikasyon OMNIPlus ou epi ale nan seksyon "Resevwa" pou kòd QR machann ou an parèt. Apre itilizatè a fin eskane kòd QR ou an, li dwe antre kantite OMNI li vle peye w la nan aplikasyon li a. Itilizatè a dwe konfime tranzaksyon an nan aplikasyon li a. Ou menm, ou dwe verifye balans ou ak lis tranzaksyon resan w yo andedan aplikasyon OMNIPlus ou pou w asire ke pèman an te fèt. Ou kapab enprime kòd QR ou a epi mete li nan biznis ou pou pèmèt kliyan ou yo fasilman eskane li pou pèman. Avèk OMNI QRPay, ou ka fè tranzaksyon rapid ak sekirize san nesesite pou lajan kach oswa kat. Li fasil pou w itilize l epi li ede w amelyore eksperyans biznis ou ak kliyan w yo pandan w ap bati kredi biznis ou.Etap 1: Louvri Aplikasyon OMNIPlus la
Etap 2: Itilizatè a Eskane Kòd QR la
Etap 3: Louvri Seksyon Resevwa nan App Machann nan
Etap 4: Antre Kantite OMNI
Etap 5: Konfime Tranzaksyon an
Konsèy: Enprime Kòd QR ou
OMNI QRPay fèt sitou pou tranzaksyon an pèsòn nan magazen fizik. Sepandan, anpil machann OMNI sou entènèt sipòte tou OMNI QRPay kòm opsyon pèman prensipal yo. Kliyan yo ka jis konekte epi peye sou sit machann ou an.
Aplikasyon OMNI Kredi ak OMNIPlus yo konpatib ak aparèy Android ak iOS. Senpleman telechaje aplikasyon yo nan magazen aplikasyon respektif yo epi swiv enstriksyon konfigirasyon yo.
Limit tranzaksyon yo ka varye selon aplikasyon espesifik OMNI QRPay. Gen kèk machann oswa bank ki ka enpoze limit tranzaksyon yo pou asire sekirite. Tcheke ak founisè sèvis ou pou nenpòt limit ki aplikab. Sepandan, limit OMNI Kredi yo mare ak limit kredi itilizatè yo.
OMNI Kredi pèmèt ou konekte plizyè kont labank oswa metòd peman, bay fleksibilite nan chwazi sous la pou tranzaksyon ou yo. Ou ka jere kont lye ou yo nan aplikasyon OMNI Kredi a.
Si w gen nenpòt pwoblèm oswa ou gen kesyon sou OMNI Kredi, tanpri kontakte ekip sipò kliyan nou an atravè aplikasyon an oswa pa imèl: support@omnikredi.com. Yo pral kontan ede w epi rezoud nenpòt enkyetid san pèdi tan.
Disponibilite OMNI Kredi ak OMNI QRPay ka varye selon rejyon an. Byenke li lajman adopte nan anpil peyi, li rekòmande pou w tcheke avèk machann lokal ou yo oswa ajan yo pou w konfime disponibilite OMNI Kredi, OMNIPlus, oswa OMNI QRPay nan rejyon osnon peyi kote ou ye a.
Wi, OMNI Kredi bay yon karakteristik istwa tranzaksyon kote ou ka wè detay sou tranzaksyon ou te pase yo, ki gen ladan dat, kantite lajan, ak enfòmasyon komèsan yo. Ou kapab tou jenere resi dijital pou dosye ou yo (nan yon navigatè).
Copyright Š 2024 OMNI Kredi Tout Dwa Rezève OMNI Kredi