Ou pa ta dwe penalize pou ijans finansye ke w genyen nan biznis ou. Malè pa gen klaksòn. Itilize OMNI Kredi ki se:
Fè kredi ki san enterè pou w fè biznis mache epi kreye richès ansanm etan wap touche epi vann.
Jwenn kredi sou platfòm OMNI Kredi yo pou biznis ou lè w abitye fè tranzaksyon, prete, epi remèt nan bon delè.
Plis ou itilize OMNI pou w fè tranzaksyon se plis entèlijans atifisyèl OMNI Kredi yo ap ede w bati kredi w. Kidonk, kapasite kredi w depann de fason ou itilize OMNI Kredi ak kouman ou ranbouse.
Fè tranzaksyon san efò kèlkeswa kote ou ye. Retire tchotcho w fasil lè w fin vann epi fè retrè sou kont labank ou, MonCash, NatCash, elatriye. Rechaje kat debi vityèl Kripto, Visa osnon MasterCard ke OMNI Kredi ofri w yo pou w achte machandiz pou biznis ou a distans. Ak OMNI Kredi, ou ka:
Vann epi touche nan men nenpòt moun nan plis pase 145 peyi san pwoblèm.
Peye nenpòt lòt machann osnon lòt moun ki sou platfòm OMNI Kredi yo ak balans ou osnon liy kredi w.
Touche ak OMNI nan men itilizatè ki sou platfòm OMNI Kredi yo osnon pa kat Debi/Kredi ak lyen pèman OMNIPlus yo.
Konvèti OMNI w genyen sou platfòm yo epi jwenn lajan kash lè w vann OMNI w yo ak lòt itilizatè ki gen bezwen OMNI.
Fè retrè sou kont ou lè w vann OMNI w yo, oswa lè w *rechaje kat debi w, kripto w, Visa w oswa Mastercard ou.
Jwi jiska 3.5% OMNI Back ak lòt rekonpans lè w touche ak OMNI Kredi. Jwenn yon Store an liy *GRATIS tou.
Peye bòdwo ak dèt biznis ou yo atravè lemond san efò lè w itilize dirèkteman balans OMNI Kredi w osnon OMNIPlus.
Fè depo sou kat debi w, kredi w, osnon kat vityèl OMNI w lè w fin touche nan men kliyan w yo epi fè tranzaksyon ou.
Achte machandiz, touche nan men kliyan, peye bòdwo w, epi fè tranzaksyon sou entènèt ak OMNI Kredi. Bati kredi w epi grandi biznis ou sitou ak sistèm pèman ak kòd QR nou an ki pèmèt tranzaksyon fèt fasil sou aparèy mobil yo. Jwenn sèvis sa yo nan OMNI Kredi:
Vann ak nenpòt moun nan nenpòt nan 145 peyi ke OMNIPlus ak OMNI Kredi gentan disponib yo. Peye tout machandiz ak sèvis ou yo, oswa resevwa OMNI nan men kliyan entènasyonal ou yo nan kèk segonn gras ak solisyon OMNI Global yo.
Resevwa OMNI nan men moun ki dwe w yo osnon pou yo peye w machandiz ak sèvis ou yo. Resevwa OMNI tou nan men kliyan entènasyonal ou yo ak solisyon QR kòd OMNI Kredi yo ki pèmèt tranzaksyon yo fèt san pwoblèm LAPOULA.
Jwenn lajan kach pou OMNI ou yo atravè lemond nan nenpòt peyi ki apwouve lè w vann OMNI ou yo ak Ajan osnon ak lòt Machann OMNI yo. Li se yon fason ki senp epi sekirize pou w jwenn lajan kach lè sa nesesè, san trakase w nan itilize yon ATM.
Peye dèt ak bòdwo biznis ou yo elektwonikman atravè lemond lè w itilize liy kredi OMNI Kredi ba w yo oswa OMNI ki disponib nan liy kredi sekirize w la. Peye bòdwo renouvlab ou yo epi asire pèman w yo toujou fèt sa reta.
Jwenn rekonpans lè w itilize balans OMNI ou oswa liy kredi OMNI Kredi ou. Achte sou entènèt an sekirite, peye sèvis piblik yo, epi fè tranzaksyon lè w eskane kòd QR lòt itilizatè yo pou w ka ogmante liy kredi ou avèk fasilite.
Sèvi ak kat vityèl OMNIplus yo epi fè tranzaksyon san pwoblèm atravè lemond ak kat vityèl OMNIPlus ofri itilizatè li yo. Jwenn yon *Kat Kripto, Mastercard ak Visa pou w ka peye sa w vle lè w pito gras ak OMNI Kredi.
Di orevwa ak frè tranzaksyon ki disèt wotè yo! Touche jiska 3.5% OMNI Back nan kont OMNI Richès ou lè w itilize OMNI pou w touche nan men lòt itilizatè ki gen liy kredi OMNI Kredi pa yo pou tranzaksyon, pèman bòdwo, ak fè makèt nan biznis ou.
Aksepte kat OMNI Fidelite nan biznis ou epi konstwi kredi w lè w touche ak OMNI. Jwenn bonis aprè chak tranzaksyon atravè lemond nan nenpòt kote ki aksepte kat OMNI Fidelite oswa NFC. Li sekirize epi rapid pase lòt kat Debi/Kredi.
Jwenn yon sistèm kès dijital pou w touche nan men kliyan ki gen kat fizik Visa, Mastercard, elatriye, epi ogmante pouvwa pou w touche nan men tout moun e menm sila ki nan diaspora yo lè w aksepte OMNI kòm yon metòd pèman.
Aktive OMNI Prime epi jwenn yon sit entènèt gratis pou w vann sou entènèt. Aksepte kliyan w yo peye w ak balans OMNI Kredi yo osnon ak lòt metòd tradisyonèl yo tankou kat Debi/Kredi Visa, Mastercard, Kripto, elatriye.
Anrejistre biznis ou sou OMNIPlus epi kite OMNI Kredi refere pwodwi oswa sèvis ou yo sou platfòm li yo bay tout itilizatè li yo. Jwenn plis kliyan globalman atravè gwo rezo OMNI Kredi koumanse develope a ki gentan disponib nan plis pase 145 peyi.
Itilizatè reyèl nou yo pataje eksperyans yo fè globalman ak OMNI Kredi!
Pa kite biznis ou kraze akòz pwoblèm finans osnon move lavi. OMNI Kredi la pou ou epi ofri w 4 etap pou w jwenn kredi san enterè lè w se machann! Men kisa ou dwe fè pou w kalifye:
Enskri sou platfòm OMNI Kredi yo (tankou OMNIPlus) epi kreye yon kont pou biznis ou.
Pase pwosesis verifikasyon an pou sekirize kont ou ak biznis ou. Li pran 5 minit sèlman.
Touche osnon vann ak OMNI Kredi epi jwenn kredi pou ede biznis ou lè moman yo nwa.
Fè tranzaksyon souvan pou w ka jwenn kredi san peye okenn enterè lè w ranbouse a lè.
Swiv 4 etap sa yo pou w koumanse bati kredi biznis ou kòm machann sou platfòm OMNI Kredi yo:
Pou asire sekirite w ak sekirite tout itilizatè yo, ou dwe verifye idantite w lè w mete foto pa w, pyès pou idantifye w ak idantifye biznis ou.
Vann ak touche sou platfòm OMNI Kredi yo lè w kreye yon kont machann ak yon imel epi adrès ki konfime. Jere satisfaksyon kliyan w yo tou.
Pèsòn pap vin sove biznis ou pou ou lè moman yo nwa. Ou bezwen OK. Kidonk, fè plis tranzaksyon pou w ka jwenn plis kredi.
Tcheke nivo kredi biznis ou a nan aplikasyon OMNIPlus yo pou w ka konnen lè w kalifye pou w jwenn kredi, epi gade biznis ou kap grandi.
Pèsòn pa ta dwe eksplwate w lè ou menm osnon biznis ou nan sezon ki difisil nan lavi sa! đł Lè move van lavi a ap maltrete w, ou merite sipò! đł Nan OMNI Kredi, nou konprann e nou konnen sa. Se sa ki fè nou ofri tout machann ki gen yon kont OMNI Prime aksè ak yon liy kredi san enterè. Ou kapab jwenn kredi sa lè Entelijans Atifisyèl nou yo apwouve w pou sa. Entelijans Atifisyèl avanse nou yo rekonèt angajman w nan kwasans biznis ou, sa ki pèmèt chak tranzaksyon nan ekosistèm OMNI Kredi a kontribye nan bati kredi ou. Lè w se machann nan OMNI Kredi, ou kapab:
Koumanse konstwi oswa rekonstwi kredi w ak yon liy kredi ki garanti. Pou w fè sa, achte OMNI w pou w fè depo sou kont ou osnon pou w fè tranzaksyon ak lòt itilizatè nan mond lan.
Ogmante richès ou pandan w ap bati kredi w lè w antre nan sòl OMNI an. Touche jiska 10% an plis sou kont OMNISòl ou pou asire w sèlman ke w ka remèt lè w prete epi remèt ak OMNISòl.
Envesti nan OMNI Universal Investment (OUI) epi gade envèstisman ou yo k ap fleri ak yon Retou Sou Envestisman ki solid (ROI) ki rive jiska 15% chak ane lè w envesti nan OMNI Kredi.
Sekirize avni w ak yon liy kredi san enterè epi libere tèt ou anba gwo chay enterè ki pi wo pase la dyablès. OMNI Kredi la pou ede w nan moman enkyetid nan biznis ou. Aktive OMNIPrime!
Pataje san jefò balans liy kredi ou genyen ki disponib nan OMNI Kredi ak nenpòt lòt itilizatè OMNI Kredi, nenpòt kote globalman lè w sèvi avèk kòd QR OMNI yo ki senp pou senplifye tranzaksyon w yo.
Jwi rekonpans chak fwa ou fè tranzaksyon globalman ak OMNI. Touche jiska 3.5% OMNI Back epi jwi kèk lòt avantaj ankò sou chak tranzaksyon ou fè ak kliyan w yo sou platfòm OMNI Kredi yo.
Fè tranzaksyon ak biznis ou san pwoblèm nan Ekosistèm OMNI Kredi a (OKE) lè w sèvi avèk kont machann ou pou w vann epi touche. Peye lòt moun tou san efò lè w sèvi avèk liy kredi w.
Jwenn fleksibilite pou w retire sa w gen aksè ak yo nan liy kredi w sou OMNI Kredi. Kit w ap vwayaje oswa lakay ou, ou ka konvèti OMNI w yo an lajan kay nenpòt ajan OMNI.
Aksepte kat OMNI Fidelite kliyan w yo (Closed Loop Card) pou w vann ak yo lè w se machann. Patisipe nan pwogram sa yo pèmèt ou resevwa rekonpans aprè chak tranzaksyon.
Nou bay repons pou kesyon yo poze souvan sou OMNI Kredi, tankou fason li fonksyone, kalifikasyon, frè, ak plis ankò. Seksyon sa yo kouvri plizyè aspè nan OMNI Kredi, OMNI, Kat Vityèl OMNI yo, OMNI Marketplace, OMNI BIZ, elatriye.
OMNI Kredi se yon platfòm mondyal pou konstwi kredi ki pa sèvi ak lajan tradisyonèl pou konstwi kredi. Olye de sa, itilizatè yo ka itilize OMNI, yon pwopriyete vityèl, pou fè tranzaksyon ak etabli kredi yo globalman. Li se yon sistèm kredi altènatif inovatè ki mache ak entèlijans atifisyèl, bay itilizatè yo yon UNIC (nimewo inik idantifikasyon pou kredi) ki disponib atravè lemond. Kontrèman ak sistèm kredi tradisyonèl ki depann sou lajan itilizatè yo genyen ki disponib ak nòt kredi yo, OMNI Kredi prezante yon apwòch revolisyonè kote plis ou itilize OMNI pou w fè tranzaksyon se plis entèlijans atifisyèl OMNI Kredi yo ap ede w bati kredi w.
Avèk OMNI Kredi, ou ka ouvri yon magazen kòm machann san frè sou platfòm kredi san enterè nou yo, ki pèmèt ou jere finans biznis ou avèk plis fleksibilite. Platfòm sa a ofri yon varyete de sèvis, ki gen ladan aksè nan liy kredi san enterè, sipò pou QR Code, aksepte pèman mondyal nan plis pase 145 peyi, ak anpil lòt avantaj ki ede optimize operasyon biznis ou epi bati kredi ou avèk tranzaksyon regilyè. Se yon opòtinite inik pou ou rantre nan ekosistèm OMNI Kredi a, benefisye de fasilite finansye OMNI Kredi ofri yo, epi elaji potansyèl finansye biznis ou.
Non, OMNI Kredi se pa yon lajan vityèl osnon kripte. Li se yon pwopriyete vityèl pou fasilite tranzaksyon w ak bati kredi w. Antanke itilizatè, ou ka achte OMNI pou w ka koumanse fè tranzaksyon. Ak balans OMNI w, ou ka fè tranzaksyon globalman. OMNI se pa yon lajan kripte.
Pou kòmanse, ou bezwen kreye yon kont itilizatè avan w vini yon machann. Aprèsa, kreye yon kont machann sou platfòm OMNI Kredi yo. Sa a se yon pwosesis senp kote ou ranpli kèk enfòmasyon debaz sou biznis ou. Apre ou fin kreye kont lan, ou dwe verifye idantite w. Pwosesis sa a asire ke tout machann sou platfòm lan se biznis lejitim, e li ede kenbe yon anviwònman sekirize pou tout itilizatè yo. Yon fwa idantite ou verifye, ou ka kòmanse fè tranzaksyon sou platfòm OMNI Kredi. Aksepte peman nan OMNI ak lòt metòd, epi kòmanse jere biznis ou avèk fasilite. Kòm ou kontinye fè tranzaksyon sou platfòm la, OMNI Kredi pral evalye pèfòmans finansye ou epi ofri ou aksè nan liy kredi san enterè. Jere kredi ou avèk responsablite pou bati yon bon istwa kredi pou biznis ou.đ 4 Etap Pou w Vin Machann! đ
Etap 1: Kreye yon kont Itilizatè epi Machann
Etap 2: Verifye idantite w
Etap 3: Koumanse fè tranzaksyon
Etap 4: Rete tann kredi pa w
Pou ouvri yon kont machann pou vann atravè OMNI Kredi, ou bezwen soumèt dokiman sa yo:
*Nou ofri sèvis ak notarye andedan app OMNI Kredi a tou. Kontakte nou si w bezwen sèvis sa.
Finalman, asire w ke tout dokiman ou yo ajou ak foto yo klè pou akselere pwosesis verifikasyon an. Li pran 24 a 48 èdtan pou kont lan aktive. Si w gen plis kesyon, pa ezite kontakte sèvis kliyan OMNI Kredi a.
Swiv etap sa yo pou verifye idantite w sou platfòm OMNI Kredi: Mete yon foto selfie ki klè. Mete yon foto klè paspò w oswa lisans chofè w. Mete yon foto do ID w. Si pyès la pa gen do, kite li vid. Mete yon selfie kote w kenbe ID w, lisans chofè, oswa paspò w. Mete yon foto yon bòdwo sèvis piblik oswa yon deklarasyon labank osnon resi transfè ki montre non w ak adrès ou. Ale nan "More", "Profile", "Update Profile", epi klike sou avatar foto a pou w mete yon foto nan pwofil ou. Finalman, asire w ke tout dokiman w yo ajou ak foto yo klè pou akselere pwosesis verifikasyon an. Pwosesis la pran 24 a 48 èdtan pou verifye idantite w konplètman. Si w gen plis kesyon, pa ezite kontakte sèvis kliyan OMNI Kredi a.Ou Dwe Verifye Idantite w Avan w Koumanse
Etap 1: Mete yon Selfie
Etap 2: Mete Foto Paspò/Lisans ou
Etap 3: Mete Foto Do Lisans/ID ou
Etap 4: Mete Selfie ak ID, Lisans oswa Paspò w
Etap 5: Mete Foto Prèv Adrès
Etap 6: Mete Foto w nan Pwofil
Lè w itilize OMNI Kredi pou aksepte pèman pa kat kredi oswa debi, frè tranzaksyon yo separe ant machann nan ak kliyan an. Si machann nan genyen OMNIPrime l'ap peye yon frè ki se 2.5% sou chak tranzaksyon. Si li pa manm, l ap peye 4.5%. Anplis de sa, kliyan an peye yon frè siplemantè ki se 4% sou valè total tranzaksyon an. Sa a pèmèt nou fasilman jere frè tranzaksyon yo pandan w ap ofri kliyan ou yo opsyon pou peye ak kat kredi oswa debi nan yon fason ki sekirize.
Lè w ap itilize OMNI QRPay, gen yon peryòd pwomosyonèl 24 mwa kote pa gen okenn frè tranzaksyon, se gratis nèt pou tout moun. Aprè peryòd pwomosyonèl la, frè yo chanje konsa:
Nan nenpòt ki sikonstans, OMNI QRPay ap toujou gratis pou kliyan yo, sa vle di kliyan ou yo pap peye okenn frè lè yo fè peman atravè OMNI QRPay.
Pou fè retrè lajan ou touche kòm machann ki an Ayiti, ou gen plizyè opsyon ki disponib:
Pou tarif yo, nou chaje Machann ki manm yo 2.5% e sila ki pa manm yo 4.5%. Se kliyan kap peye a ki peye taks ak frè pou tranzaksyon kat la.
Pou plis enfòmasyon, ou ka toujou kontakte nou nan app OMNIPlus la. Di nou nan ki peyi w ye epi n ap ba w fason ki pi fasil pou fè retrè lajan w.
Nou la pou n ede w!
Wi. đ
OU VLE JWENN LAJAN PRETE POU W GRANDI BIZNIS OU?
Touch nan men diaspora yo machandiz wap vann fanmiy yo ki Ayiti epi jwenn yon liy kredi pou biznis ou!
Avèk OMNIPlus, ou ka fasilman aksepte pèman nan yon pakèt platfòm tankou:
Kòmanse vann machandiz ou, touche nan men diaspora yo, epi jwenn liy kredi pou biznis ou ak OMNIPlus jodi a! đ
Ou ka vann depi sou magazen WhatsApp ou osnon nou ka kreye yon store pou ou gratis lè w genyen OMNIPrime.
Swiv etap sa yo pou kreye yon lyen pèman pou w ka touche sou kat Kredi/Debi a distans: Ouvri aplikasyon OMNI Kredi a epi ale nan seksyon "PayMe Link". Klike sou siy plis la ki anba a dwat la pou w kreye yon lyen pèman. Chwazi si se ou menm kap mete pri a osnon si se lòt itilizatè kap peye w la kap mete kantite a. Seleksyone ki kalite pwodui si se ou kap mete pri a. Mete yon foto pwodui a osnon yon logo sèvis la. Ekri non pwodui osnon sèvis la. Mete si w vle yon deskripsyon pou pwodui osnon sèvis la. Peze "Set Limit" si w vle limite ki kantite yo dwe peye w. Klike sou "Create New OMNI PayMe Link". Kopye lyen an epi voye li bay moun kap peye w la osnon poste li sou WhatsApp ou, Facebook, ak tout lòt kote wap vann.Etap 1: Ale nan PayMe Link
Etap 2: Klike sou siy plis la
Etap 3: Chwazi moun kap mete pri a
Etap 4: Seleksyone kalite pwodui
Etap 5: Mete yon foto pwodui a
Etap 6: Ekri non pwodui a
Etap 7: Deskripsyon pwodui a
Etap 8: Set Limit
Etap 9: Klike sou "Create New OMNI PayMe Link"
Swiv etap sa yo pou jere kredi biznis ou efektivman sou platfòm OMNI Kredi: Ouvri aplikasyon OMNIPlus la epi antre non itilizatè ak modpas ou pou w konekte nan kont ou. Aprè ou konekte, gade nan seksyon "Your OMNI Kredi Power" nan ekran prensipal la pou w wè ki kantite kredi ki debloke. Klike sou "Credits" epi prete selon rapò sou kapasite w pou w jwenn kredi pou w wè done sou fason w ap itilize kredi ou ak tout detèminan kredi ou yo. Asire w ke ou planifye ranbousman ou yo alè pou evite nenpòt chaj siplemantè ak pou w bati yon bon rapò kredi. Ou gen 72è tan aprè dat limit pou ranbouseman an avan sistèm nan koumanse chaje w penalite. Achte OMNI nan fon pa w pou w ka gen OMNI ki disponib lè w dwe remèt. Konsa tou, kontinye touche ak OMNI pou w asire w ke ou gen ase balans pou kouvri tranzaksyon ou yo ak ranbousman ou yo. Si w gen nenpòt kesyon oswa pwoblèm, pa ezite kontakte ekip sipò kliyan OMNI Kredi a pou asistans. Swiv etap sa yo pou w jere kredi biznis ou efektivman ak bati yon bon istwa kredi sou OMNI Kredi. Jere kredi ou byen se yon kle pou w asire siksè finansye biznis ou.Etap 1: Login nan kont ou
Etap 2: Verifye kapasite kredi w
Etap 3: Prete si w kalifye
Etap 4: Planifye ranbousman ou
Etap 5: Achte OMNI osnon vann kliyan sou kont ou
Etap 6: Kontakte sipò kliyan si ou bezwen èd
OMNI QRPay se yon lidè dijital nan solisyon kredi ki pèmèt itilizatè yo fè tranzaksyon lè l sèvi avèk liy kredi ki disponib yo lè yo eskane kòd QR OMNI yo sou aparèy mobil yo pou fè tranzaksyon.
Wi, OMNI QRPay genyen gwo mezi sekirite avanse pou pwoteje enfòmasyon pèman w yo. OMNI Kredi itilize pwotokòl chifreman ak metòd otantifikasyon an sekirite pou asire sekirite tranzaksyon ou yo.
Men kijan pou w touche ak OMNI QRPay kòm machann lè w ap itilize aplikasyon OMNIPlus. Ou menm ak itilizatè ki pral peye w la dwe tou de louvri aplikasyon OMNIPlus la sou telefòn mobil nou. Itilizatè a prale nan pati ki make "Scan" nan aplikasyon li a pou li ka eskane kòd QR ki parèt nan aplikasyon ou kòm machann nan. Ou dwe louvri aplikasyon OMNIPlus ou epi ale nan seksyon "Resevwa" pou kòd QR machann ou an parèt. Apre itilizatè a fin eskane kòd QR ou an, li dwe antre kantite OMNI li vle peye w la nan aplikasyon li a. Itilizatè a dwe konfime tranzaksyon an nan aplikasyon li a. Ou menm, ou dwe verifye balans ou ak lis tranzaksyon resan w yo andedan aplikasyon OMNIPlus ou pou w asire ke pèman an te fèt. Ou kapab enprime kòd QR ou a epi mete li nan biznis ou pou pèmèt kliyan ou yo fasilman eskane li pou pèman. Avèk OMNI QRPay, ou ka fè tranzaksyon rapid ak sekirize san nesesite pou lajan kach oswa kat. Li fasil pou w itilize l epi li ede w amelyore eksperyans biznis ou ak kliyan w yo pandan w ap bati kredi biznis ou.Etap 1: Louvri Aplikasyon OMNIPlus la
Etap 2: Itilizatè a Eskane Kòd QR la
Etap 3: Louvri Seksyon Resevwa nan App Machann nan
Etap 4: Antre Kantite OMNI
Etap 5: Konfime Tranzaksyon an
Konsèy: Enprime Kòd QR ou
OMNI QRPay fèt sitou pou tranzaksyon an pèsòn nan magazen fizik. Sepandan, anpil machann OMNI sou entènèt sipòte tou OMNI QRPay kòm opsyon pèman prensipal yo. Kliyan yo ka jis konekte epi peye sou sit machann ou an.
Aplikasyon OMNI Kredi ak OMNIPlus yo konpatib ak aparèy Android ak iOS. Senpleman telechaje aplikasyon yo nan magazen aplikasyon respektif yo epi swiv enstriksyon konfigirasyon yo.
Limit tranzaksyon yo ka varye selon aplikasyon espesifik OMNI QRPay. Gen kèk machann oswa bank ki ka enpoze limit tranzaksyon yo pou asire sekirite. Tcheke ak founisè sèvis ou pou nenpòt limit ki aplikab. Sepandan, limit OMNI Kredi yo mare ak limit kredi itilizatè yo.
OMNI Kredi pèmèt ou konekte plizyè kont labank oswa metòd peman, bay fleksibilite nan chwazi sous la pou tranzaksyon ou yo. Ou ka jere kont lye ou yo nan aplikasyon OMNI Kredi a.
Si w gen nenpòt pwoblèm oswa ou gen kesyon sou OMNI Kredi, tanpri kontakte ekip sipò kliyan nou an atravè aplikasyon an oswa pa imèl: support@omnikredi.com. Yo pral kontan ede w epi rezoud nenpòt enkyetid san pèdi tan.
Disponibilite OMNI Kredi ak OMNI QRPay ka varye selon rejyon an. Byenke li lajman adopte nan anpil peyi, li rekòmande pou w tcheke avèk machann lokal ou yo oswa ajan yo pou w konfime disponibilite OMNI Kredi, OMNIPlus, oswa OMNI QRPay nan rejyon osnon peyi kote ou ye a.
Wi, OMNI Kredi bay yon karakteristik istwa tranzaksyon kote ou ka wè detay sou tranzaksyon ou te pase yo, ki gen ladan dat, kantite lajan, ak enfòmasyon komèsan yo. Ou kapab tou jenere resi dijital pou dosye ou yo (nan yon navigatè).
Nan OMNI Kredi, nou kwè nan konstriksyon kredi altènatif. Bliye nòt kredi tradisyonèl yo; nou ofri w yon fason ki inik pou w konstwi kredi w ak reyalize libète finansye w paske w ka mete sou pye yon liy kredi pèsonèl pou tèt ou ak yon lòt pou biznis ou.
Fason pou w remèt
Peyi kote Aplikasyon an disponib
Tranzaksyon OMNI Fè
Copyright Š 2024 OMNI Kredi Tout Dwa Rezève OMNI Kredi